top of page
PRINSIP LAKAY

Fondée ofisyèlman le 15 mas 2024, PrinsipLakay se yon antrepriz kiltirèl ki pran angajman pou mete an avan bèl richès Ayiti atravè atizana ak kreyasyon orijinal.
Nou ofri yon seleksyon pwodwi ki pote chalè, koulè, ak lespri lakay:
• T-shirt brode ak mesaj ak senbòl rasin nou
• Mouchwa tradisyonèl enspire nan stil ayisyen
• Bè karité natirèl pou swen kò ak cheve
• Boutey dekore avèk atizay manyèl
Misyon nou se fè kilti ayisyen an vwayaje toupatou, pandan n ap ankouraje travay men atizan nou yo.
Nou vize tout moun ki ayisyen oswa ki gen lanmou pou kilti ak edikasyon, moun ki kwè nan fòs rasin yo, e ki vle pote fyète lakay yo nan lavi chak jou.
bottom of page